Pou peyi Ayiti pran bon jan chimen devlopman an

AT: Pou bon jan kontwòl
AT:libète pou rete, bloke sanksyone ak revoke
Ou bezwen èd?
Sistèm Ayiti Tapan an ka ede leta a òganize pi byen tout chantye li genyen nan peyi a nan yon sèl klik. Chak aktè ki enplike ka jwenn rapò sou lajan ki depanse, fakti, avansman sou chak pwojè ki konsène repiblik la san pèdi tan. Se pou sa Ayiti Tapan an ka konsidere tankou de nawè repiblik la.
Ou bezwen èd? Rele nou nan 1 (754) 800 8592

Nou pap trennen pye
Ayiti Tapan mete bout nan parès ki te djeri bosko li nan kòlèt repiblik la depi digdantan an. Zannannan kon pengwen, pik kon mawon, ap respekte kontra yo genyen ak leta toupatou sou tè peyi Ayiti.
- Zonbi pa travay pou leta ayisyen kidonk li pap jwenn chèk leta a
- Pa gen trennen pye nan travay leta
- Tout travay yo dwe fèt jan sa ekri a
- Tout sèvis leta dwe disponib toupatou
Yon sistèm k’ap ede’n jwenn repons ak tout kesyon nou yo.
Ayiti Tapan se yon sistèm ki senp pou itilize e ki ka ede leta a jere tout kalite operasyon tout nati li yo nan administrasyon piblik la. Mete sou sa, li posib pou fè yon analiz sou jan travayè administrasyon piblik la ap pwogrese chak jou, chak semèn, chak semès, chak lane, elatriye.
Yon kout je sou
Objektif nou yo

Kouman AT peye anplwaye yo?
Ak Ayiti Tapan leta ayisyen paka pran nan fo mamit ankò. Gen yon kontwòl san fos kote pou siveye prezans ak absans tout travayè leta yo. Kontwòl sa yo anrejistre nan sistèm AT an chak jou pou pèmèt ke enstitisyon ki la pou peye anplwaye leta yo resevwa yon rapò ki tou bay enfòmasyon sou kantite lè anplwaye yo travay pandan peryòd la.